Ou gen yon senp W2? Poukisa ou peye frè lè ou ka ranpli GRATIS! Vizite MyFreeTaxes.com pou maksimize deklarasyon taks ou jodi a. MyFreeTaxes an sekirite epi li fèt pou ede ou jwenn pi gwo lajan posib!
MyFreeTaxes gide w nan pwosesis ranpli a epi li avèti w si w kalifye pou dediksyon ak kredi taks, tankou Kredi Taks sou Revni Travay ak Kredi Taks pou Timoun. Genyen tou yon liy asistans ki disponib an Anglè ak an Panyòl pou w ka jwenn èd an dirèk nan men yon moun reyèl ki resevwa fòmasyon nan men IRS la.
Tout bagay sa yo disponib pou ou, san frè, pou asire ou jwenn pi gwo deklarasyon taks posib!
MyFreeTaxes ka ede w tou ak sèvis sa yo:
· Revni W-2
· Revni travay endepandan
· Depans edikasyon elèv, kredi oswa enterè sou prè elèv
· Revni chomaj
· Kredi Taks sou Revni Travay
· Kredi taks pou timoun
· Depans pou swen timoun ak moun ki sou kont ou
MyFreeTaxes disponib sou telefòn entelijan, tablèt, oswa laptop ou. Taks yo pa bezwen konplike, vizite MyFreeTaxes.com pou ranpli taks ou yo jodi a!

